Profile Image
Andretha Rémy
December 14, 2023

Obituary

Biografi Andretha RÉMY
18 Mas, 1963 - 14, Desanm 2023

Andretha JEAN te fèt Jakmèl (ayiti) 18 mas 1963, li te kite jakmèl pou l' te rantre potoprens (ayiti) nan lane 1971 lè sa li te genyen 8 lane, li se te premye nan Yon fanmi ki genyen 5 Pitit, li se te pitit natirèl de Louisance JEAN (décédé) avèk Siliana SENATUS (décédée)

Li menm ak Fayol Rémy yo te rankontre nan lane 1978, yo te abite nan menm zòn nan Potoprens (Ayiti) Nan lane 1981 yo te deside mete tèt yo ansanm pou yo te pase rès vi yo. Se la yo te bay nesans ak 5 Pitit. Li te aksepte Kris an 1999 e li te batize an 2000, li te Pèsevere nan Nouvelle Église Évangélique Baptise de bas - Canaan (Ayiti) Depi lè sa li te fonde lafwa li nan Kris, Yo te marye 24 Fevriye 2001,se lè sa li te vin rele Andretha Rémy.

Andretha Rémy se te yon commerçante, li menm ak Mari li te travay di e fè anpil sakrifis pou yo te kapab fè edikasyon 5 Pitit yo. 15 mas 2023 Andretha ak Fayol te gen opòtinite pou vwayaje e rantre etazini; Ak anpil lajwa yo te reyini ak pitit yo e ak pitit pitit yo. Andretha te jwenn trankilite nan nouvo kay li nan ti kominote nan Barnard, Vermont.

An septanm 2023, li te dyagnostike avèk kansè nan sistèm matris li, nan etap 1. Tretman yo te kòmanse 29 novanm ak espwa pou yon rekiperasyon total. Malerezman, 13 desanm 2023, yon kondisyon ki te la deja te vinn afekte pa efè segondè tretman yo. Nan lannwit sa a, kondisyon li te degrengole, e malgre tout efò ekip medikal la, nan maten 14 desanm 2023, li kite lavi a. Li te plen ak kouraj, fòs e lafwa jiska dènye soupi li.

Andretha te gen yon bèl souri ak yon bon enèji pozitif, li te renmen fè moun ri ak blag, li te pasyone de manje Ayisyen e pa janm kite yon moun grangou. Tout kè’l ak tout lanmou’l te posede te pou fanmi li, li pa janm pase yon jou San li pat kominike ak pitit li yo.

Andretha kite yon eritaj lanmou ak devouman Lakay chak grenn Moun ki te gen chans rankontre l sou wout lavi a. Li ale li kite dèyè, Mari l Fayol Rémy, ak pitit li yo : Fanel Rémy, Lamise Oyugi, Mackenson Rémy, Robenson Rémy, Nadine Niles ak tout douzèn pitit pitit li yo. Li pral manke nou pou tout tan, men l'ap toujou rete vivan nan kè fanmi an,epi bon zèv li yo ap toujou rete grave nan memwa fanmi an ak tout zanmi li yo. Sa se yon temwanyaj pwofon, de enpak li te genyen sou moun ki te gen chans rankontre li sou wout lavi a.

Ke Bondye resevwa manman nou, grann nou e zanmi nou nan wayòm li an.

Biography of Andretha Rémy

March 18, 1963 - December 14, 2023

Andretha JEAN was born in Jacmel, Haiti on March 18, 1963. She was the first in a family of 5 children, a natural daughter of Louisance JEAN (deceased) and Siliana SENATUS (deceased).

She and Fayol Rémy lived in the same neighborhood in Port-au-Prince, Haiti, and in 1979, they started their lifetime together. It was here that they raised 5 children. Andretha accepted Christ in 1999 and was baptized in 2000, and along with her family, her faith was her foundation from then on, and was an active member of the New Baptist Evagelique Church of Canaan (Ayiti) She and Fayol were officially married on February 23, 2001, and she became known as Andretha Rémy.

She ran a small market out of their home, and together with her husband, they worked hard and sacrificed to provide education for each of their children. On March 15, 2023, Andretha and Fayol were able to travel and visit their family in the United States, joyfully reuniting with their children and meeting some grandchildren for the first time. Andretha found solace in the tranquility and safety of her new home in the small community of Barnard, Vermont.

This past September 2023, she was diagnosed with stage 1 cervical cancer. Her treatments began on November 29th with high hopes for full recovery. Sadly, on December 13, 2023, a pre-existing condition worsened from the treatment’s side effects. That night, her condition deteriorated, and despite the medical team’s best efforts, on the morning of December 14, 2023, she passed from this world. She was courageous, strong and full of faith throughout.

Andretha had a beautiful smile, a playful sense of humor and a passion for Haitian cuisine. Above all, her heart belonged to her family and she ensured she spoke to each of her children nearly every day.
Andretha leaves behind a legacy of love and devotion. She is survived by her devoted husband, Fayol Rémy, and her cherished children: Fanel Rémy, Lamise Oyugi, Mackenson Rémy, Robenson Rémy, and Nadine Niles. She will be forever missed, but her memory lives on in the hearts of her 12 grandchildren and all of her extended family and friends, a testament to the profound impact she had on those she held dear.
May God receive our Mother, our grandmother, and our friend Andretha Rémy, into His kingdom.

Services in the Home of Funerarias Multi Culturel, 238 Court Street Brockton Wednesday December 27th at 10:30 am. Burial to follow in Melrose Cemetery, 88 N Pearl Street Brockton. Viewing from 9 am prior to services.

Content is coming soon...
Funerarias Multi Culturel.com
238 Court Street
Brockton, MA 02302
508-586-0030